Menm jan nou gen prensip ki kontwole lavi sosyal, se menm jan tou nou gen prensip ki kontwole relasyon nou avèk Bondye.


1. PRENSIP YOUN BONDYE RENMEN W E Ll GEN YON GWO PLAN POU LAVl W.

(Chak fwa se posib, ou dwe li nan la Bib tout vèse sa yo ki make nan ti bwochi sa a.)

LANMOU BONDYE

«Paske Bondye tèlman renmen lemonn li bay yon sèl Pitit li a, pou nenpòt moun ki kwè nan li pa peri, men pou li genyen lavi ki pap janm fini an.» (Jan 3:16)

PLAN BONDYE A

«Se Kris k ap pale: «Mwen vini pou bay mouton yo lavi, e pou m ba yo l nèt». (Jan 10:10)

Pou ki sa anpil moun pa genyen yon lavi nèt?


2. Paske

PRENSIP DE

Lòm se pechè e li separe ak Bondye;Konsa li pa kab konnen sa lanmou, plan Bondye a ye pou lavi l.

LÒM SE PECHÈ

«Tout moun fè peche e yo tout manke pisans Bondye.»(Women 3:23)

Lòm te fèt pou li gen relasyon ak Bondye. Men paske li gen yon volonte rebèl li chwazi pou l separe ak Bondye. Se poutèt sa, relasyon li ak Bondye koupe. Volonte rebèl li a se sa la Bib rele peche.

LÒM SEPARE AK BONDYE

«Rekonpans peche se lanmò.» (Se separasyon espirityèl avèk Bondye.) (Women 6:23)

creole1

Bondye sen e Lòm se pechè. Gen yon falèz ki separe yo. Depi lontan Lòm ap chache pou jwenn Bondye pa mwayen yon vi ki bon nèt, yon vi onèt, yon bon konduit, avèk pwòp fòs pa l, men nenpòt sa li fè li toujou separe ak Bondye.

Twazyèm prensip pral ban nou yon sèl repons ki bon pou bon pwoblèm sa a.


3.PRENSIP TWA
JEZIKRI SE SÈL MWAYEN BONDYE GEN POU DELIVRE LÒM ANBA PECHE L. NAN KRIS OU KAPAB KONNEN LANMOU BONDYE ANSANM AK PLAN BONDYE POU LAVl W.

JEZI TE MOURI NAN PLAS NOU

«Men, ki jan Bondye montre amou li pou nou: etan nou te toujou nan peche, Kris mouri pou nou.» (Women 5:8)

JEZI SE SÈL CHEMEN AN

«Jezi di: Mwen se chemen an, mwen se laverite, e mwen se lavi: pèsonn pap vini jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.» (Jan 14:6)

creole2

 

Bondye te fè yon pon sou falèz la ki te separe nou ak li. Li voye Pitit Li, Jezikri, pou mouri sou lakwa nan plas nou.

Konnen twa prensip sa yo pa ase...


4. PRENSIP KAT
CHAK MOUN BEZWEN RESEVWA JEZIKRI POUTÈT PA L KÒM SOVÈ E SEYÈ. APRE SA Ll KAPAB KONNEN LANMOU AK PLAN BONDYE POU LAVl L.

OU BEZWEN RESEVWA KRIS.

«Men li bay tout moun ki resevwa l pouvwa pou yo vini pitit Bondye, tout moun ki kwè nan non li.» (Jan 1:12)

OU RESEVWA KRIS LÈ W MET KONFYANS OU NAN Ll.

«Paske se avèk lagras ke nou sove, ak lafwa. E sa pa soti nan nou menm, se kado Bondye. Se pa ak zèv nou fè, pou pèsonn pa gen lide fè lwanje tèt li.» (Efezyen 2:8, 9)

OU RESEVWA KRIS LÈ W ENVITE L OU MENM POU L ANTRE NAN KÈ W.

Se Kris k ap pale: «Gade, mwen kanpe nan pòt la e m ap frape. Si yon moun tande vwa m e li louvri pòt la, m a antre lakay li.» (Apokalips 3:20)

Resevwa Kris vle di detounen de nou menm, pou nou tounen vin jwenn Bondye. Kwè Kris vini nan lavi w, padonnen peche w e fè ak ou sa li vle. Konnen laverite pa ase. Men fòk laverite sa a gen plas nan lavi w.

2 Sèk sa yo reprezante 2 kalite lavi moun.

Lavi w dirije...

Lavi Kris dirije...

cross

Mwen - nan plas gran nèg la.
Kris - deyò lavi w.
*-bagay ki nan lavi yon moun
ki dirije l pou kò l. Bagay sa
yo ki deranje lavi e ki
mennen dezinyon e dezòd.

Kris - nan plas gran nèg la.
Kris ap dirije m.
*-bagay ki nan lavi yon moun
Kris ap dirije. Se yo ki genyen
linyon e asirans e lòd k ap
miltipliye nan lavi li.

Ki sèk ki reprezante vi pa w?
Ki sèk ou ta renmen reprezante vi pa w?
Gade sou paj 11 pou wè kòman pou resevwa Kris.


PALE AK BONDYE E ENVITE Ll POU VINI NAN KÈ W KOUNYE A.

Bondye konnen w e se pa pawòl ou ki enterese l, men se dispozisyon kè w. Mwen ta konseye w kèk mò k ap ede w:

«Seyè Jezi, jis kounye a menm se mwen menm k ap dirije lavi m e mwen peche kont ou. Kounye a mwen louvri kè mwen pou m resevwa w kòm Sovè e Seyè mwen. Pran plas ou nan lavi mwen. Fè ak mwen sa w vle.»

Èske pawòl sa se dezi kè w?

Si se sa, pale ak Bondye kounye a e selon pwomès li, Kris ap vini nan kè w.


KÒMAN OU KONNEN KRIS NAN LAVl W?

Èske w te resevwa Kris nan kè w? Dapre sa li di nan Apokalips 3:20, kote Kris ye kounye a? Li di l a vini nan kè w. Èske li ta twonpe w? Ak ki otorite w konnen Bondye reponn ou? (Bondye di sa nan Pawòl li, e li fidèl nan sa li di.)

LA BIB Dl TOUT MOUN Kl RESEVWA KRIS GEN LAVl Kl PAP JANM FINI AN.

«E men temwayaj sa a, se ke Bondye te ban nou lavi ki pap janm fen an, e lavi sa a se nan Pitit la li ye. Moun ki gen Pitit la, gen lavi; moun ki pa gen Pitit Bondye a pa gen lavi. Mwen te ekri w bagay sa yo pou wou kapab konnen w gen lavi ki pap janm fini an, ou menm ki kwè nan non Pitit Bondye a.» (1 Jan 5:11-13)

Remèsi Bondye tanzantan pou Kris ki nan lavi w e ki pap janm kite w. (Ebre 13:5) Ou kapab konnen Kris vivan e l ap viv nan w. Ou gen lavi ki pap janm fini an depi menm lè w te mande l antre nan kè w. Ou mèt asire sou pwomès li yo. Li pap fè w wont.


KOUNYE A OU RESEVWA KRIS

Depi lè ak lafwa w te aksepte Kris, anpil bagay rive:

  1. Kris vini nan lavi w. (Apokalips 3:2 e Kolosyen 1:27)
  2. Peche w padonnen. (Kolosyen 1:14)
  3. Ou tounen pitit Bondye. (Jan 1:12)
  4. Ou kòmanse antre nan gran travay Bondye te prepare pou wou. (Jan 10:10 e 2 Korentyen 5:14,15,17)

Èske w kapab panse yon bagay ki pi bon pase resevwa Kris? Èske w kapab di Bondye mèsi pou sa li te fè pou wou? Remèsi Bondye se yon prèv ou gen konfyans nan li. E apre sa?


KONSÈY POU KRETYEN GRANDI

Se lè nou konfye an Kris nou grandi espirityèlman. «Moun jis va viv ak lafwa.» (Galat 3:11) Lafwa va pèmèt ou toujou konfye plis nan Bondye pou chak bagay nan lavi w. Lafwa va pèmèt ou:

  • Pale ak Bondye chak jou. (Jan 15:7)
  • Li Pawòl Bondye chak jou. (Kòmanse ak Levanjil Jan) (Travay Apòt yo 17:11)
  • Obeyi Bondye nan chak moman. (Jan 14:21)
  • Temwaye Kris nan lavi w ak nan pawòl ou. (Matye 4:19 e Jan 15:8)
  • Konfye nan Bondye pou chak bagay ou bezwen nan lavi w (1 Pyè 5:7)
  • Kite Sentespri dirije lavi w e gen pi bon temwayaj chak jou. (Travay Apòt yo 1:8 e Galat 5:16, 17).

ENPOTANS RELASYON KRETYEN

Nan Ebre 10:25 yo egzòte nou pou nou pa bliye ale nan asanble nou, men pou nou youn ankouraje lòt. Anpil moso bwa kapab fè yon gwo dife. Wete youn, mete l akote, dife a ap mouri. Se konsa relasyon w yo ye avèk lòt kretyen yo. Si w pa atache nan yon legliz kote yo renmen anseye Pawòl Bondye, pa tann pou yo envite w, pran desizyon pou mete w ansanm avèk moun ki deja aksepte Kris kòm Sovè, e ki konnen amou li.

Èske w pa ta vle separe sa w te jwenn nan ti liv sa a avèk yon lòt moun?